Ak Konfyans Nou Va Mache | Ou Se Sous Pou Konsolem | Wi Jezi Te Pran Fadom | Ammiel Rosilien
Shekinah. fm Shekinah. fm
919K subscribers
13,821 views
316

 Published On Aug 21, 2023

Si’w ta renmen bay Jezu lavi w, klike sou sa:
If you would like to give your life to Christ, click on this link:
https://bit.ly/3JkLIVI

Pou Bay Ofrann:
To Give Offering:
https://bit.ly/3uu7nmd

Additional Donation Options//Autres façons de Donner
Moncash: (509) 38 23 25 25
PayPal: [email protected]
Phone: (786) 505-1580
Text "Give" to (561) 207-8664
Online: www.shekinah.fm
Zelle: (305)360-5200

Rete Konekte avèk Fanmi Shekinah:
Website | https://tabernacleofglory.net/
Facebook | https://www.facebook.com/ShekinahTel?...
Instagram | https://www.instagram.com/shekinah.fm...
Twitter | http://www.shekinah.fm/
Pastor Gregory Toussaint |    / tabernacleofglory  
Tiktok | https://www.tiktok.com/@shekinah.fm?i...

Chapters:
00:00 Ak konfyans nou va mache
03:19 Jezi mwen renmen ou , se ou ki sove mwen
09:42 San Jezi mwen pa kapab viv
16:11 Wi Jezi te pran fadom
20:32 Anba gro roch la
21:58 Nonm ekri nan pla men Bondye

Lyrics:
Chant 1:
Moun ki mete nan Jezi
Yon konfyans ki san mezi,
Yo kapab pa janm tonbe;
Delivrans yo asire.

Ak konfyans nou va mache,
Ak konfyans n a triyonfe
Ak konfyans jiska lafen,
Bondye va louvri chemen.
2
Ak konfyans nou va mache,
Koutkekout pèsevere;
Jezikri fè nou pwomès,
Li ak nou nan tout detrès.

Chan 2 :
Jezi mwen renmen ou, se ou ki Sovè m ;
Amou ou fè m kite plezi peche mwen.
Redanmtè beni mwen, se ou ki Sovè m
Mwen renmen ou, Senyè,
Chak jou m pi renmen w
Ref-
Ou se sous pou konsole'm
Mwen pa bezwen lot bagay
Tanpri, Segnè, pa abandoné mwen.
Ou se sous pou konsole'm
Mwen pa bezwen lot bagay
Tanpri, Segnè, pa abandoné mwen
2
Mwen renmen ou paske ou renmen m avan
Sou lakwa kalvè ou te soufri pou mwen.
Mwen renmen ou ki pote kouwòn pikan;
Mwen renmen ou Senyè,
Chak jou m pi renmen w
3
Nan lavi, nan lanmò, mwen va renmen ou.
M ap sèvi ou tout tan, ou ban m souf lavi
Lè lonbraj lanmò vin sou mwen, m a di ou:
Mwen renmen ou Senyè,
Chak jou m pi renmen w
4
Kay Bondye se va lajwa, laglwa, lapè.
Nan syèl la mwen va adore ou san fen.
Devan tout zanj Bondye yo, mwen va chante:
Mwen renmen ou Senyè,
Chak jou m pi renmen w

Chan 3
1
San Jezi mwen pa kapab viv
Mwen pa ka fè yon sèl pa;
Se li menm sèl mwen ta vle suiv.
M ap suiv li jouk sa kaba.

Anyen mwen pa gen pou m krenn
Puiske Sovè m ap veye m;
M ap suiv li san mwen pa plenyen
Li p ap kite mwen neye.
2
Amou li avèk pwomès li
Ranpli kè m ak yon gran jwa;
Mwen mèt tou fèb mwen mèt kagou,
M sèten l ap ban m laviktwa.
3
Lè fènwa vin pou fè m tranble,
Avèk li mwen brav anpil;
Lè vwa satan ape gwonde
Mwen rete dousman, trankil.
4
Jezi, wete tout sa k pa pwòp
Nan kè mwen, pou mwen mache;
Pirifye mwen, lave m, fè m pwòp
Jan Bondye vle pou mwen ye.

Chan 4 :
1
Lè mwen te chèche Bondye,
Mwen menm pechè pèdi,
Pou mande l padon peche m
Nan non Sovè Jezi,
Li koute tout kri kè mwen,
Touswit li fè m kontan;
Paske Jezi pran fado m
E li te ban m yon chan.

Wi Jezi te pran fado m
Mwen pa t kapab pote l,
Wi Jezi te pran fado m
Li peye dèt peche m.
Tout krent mwen yo te sòti,
Li te fè kè m kontan;
Paske Jezi pran fado m
E li te ban m yon chan.
2
Pafwa chemen an glise,
Gen pa ki difisil,
Pafwa mwen fèb, mwen bouke,
Eprèv yo pa fasil;
Men lè m mete m ajenou,
“O Senyè, jouk ki tan…?”
Lè sa a Jezi pran fado m,
Toujou li ban m yon chan.
3
Yon jou tristès te kraze m,
M te pèdi tout espwa.
Chaj, doulè ak touman mwen
Te sanble twòp, mil fwa.
Lè sa a yon vwa vin pale m,
“Ou pou mwen sètènman.”
Lè sa a Jezi pran fado m,
E li te ban m yon chan.
4
M a met tout konfyans mwen nan Li,
Li konnen tout chemen.
Li va gide m ak je li
Nan pelerinaj mwen.
E m a pale nan Syèl la
Pou tout syèk ak tout tan
Kòman Jezi pran fado m
E plen kè m ak yon chan.

Chan 5 :
Anba gwo wòch la
wòch ki pi wo pase m nan,
Letènèl kache m
Anba gwo wòch la;
Di ènmi m yo pou mwen
M anba gwo wòch la
Letènèl kache m
Anba gwo wòch la

Chan 6
1
Gwo van met soufle loraj gwonde
Mwen pap ebranle pou ayen
Menm si pye m glise m pap ka tonbe
Paske men mwen nan men Bondye

Refren
Nom ekri nan pla men Bondye
Pèsonn paka efase l
Non m ekri nan pla men Bondye
L ap veye sou mwen chak jou

2
Rasin mwen plante nan jaden Bondye
Ak asirans m ap avanse
Nenpòt sa k rive pap enkyete m
Paske m konnen mwen byen kache

Pon
Oh oh oh oh
Li ekri non m nan pla men li
Oh oh oh oh
Lavi m nan men l m konte sou li

2
Li ekri non mwen nan pla men l
M pap pè ayen


#shekinahfm #shekinahlive #adoration #chantdesperance #akkonfyansnouvamache #anbagworochla #gregorytoussaint #ammielrosilien

show more

Share/Embed