Bon 266ème Anperè JACQUES 1er / Jeneral Jean Jaques Dessalines FF
Frantzie Simeon Frantzie Simeon
1.24K subscribers
132 views
6

 Published On Sep 30, 2024

Depi plis pase 25 lane, FF atravè yon komite ki pote non ASAF « ANIVESE SELEBRASYON AYSYEN FONDATE, pran angagman pou onore anpil zansèt ki te pote kontribisyon pa yo pou byennèt limanite.

Pami Zansèt sa yo nou jwenn JJD, yon Gran Nèg, FF ak anpil Ayisyen respekte ak admire pou batay li te mennen pou l te ka kite bout tè saa pou nou kòm eritaj.

Pou selebre 266 lane gran Nèg saa lane sa, FF òganize yon bèl aktivite ki te divize an 3 pati :

1-Espirityèl
Premye pati saa te demare a midi. Li te dire anviron 30 minit. Se yon prezantasyon ki te fèt ak libasyon, dlo, kafe, laye, wonn lakou an ak drapo jeneral lan, elatriye.

2-Kiltirèl
Pati saa te kòmanse a 1è, li te gen ladan l kèk nan pwen sila yo :
Lekti premye pawòl,
monte drapo,
biyografi jeneral lan ki te kapte atansyon asistans lan avèk kèk dat remakab tankou, lè l te pran grad kolonèl, lè l te rantre an fonksyon kòm gouvènè jenral ak kèk nan reyalizasyon l yo.

Apre chak pwen, Mètrès seremoni an te toujou pran yon ti tan pou l fè n swete jeneral lan bòn fèt.

Nou te resevwa vizit nèg cheval lan Destine Marcellus , ki te fè wonn lakou a, e ki te pataje ak asistans lan kote lide pou onore ak imite Lanperè a sòti.

Nou te asiste ak yon deba ki te deklanche avèk kesyon saa :’’

Kilès nan kalite papa nanchon an ou ta renmen adopte nan lavi w ?

Nou te fèmen pati saa ak lekti dènye pawòl, seyans foto, nou liminen pou n fè demann pou peyi a ak pou nou. Asistans lan te danse sou mizik « Defile ».


3- Kolayson :

FF te pataje ak nou manje li te prepare pou nou, chanpay te debouche pou jeneral lan, nou koupe gato, nou pataje fwi.

Twa zè nou te klotire. Pou n pa pale twòp se konsa 266 lane jeneral lan te selevre nan jaden FF.

show more

Share/Embed