Kris Fè'm Travay Tanpri pa Repousem -Kantik Vivan Kokris- By Sr Rachel- Cover By Pastor David
Le Corps De Christ Au Chili - Kòkris Chili Le Corps De Christ Au Chili - Kòkris Chili
5.55K subscribers
282,618 views
2.9K

 Published On May 30, 2024

Senyè mwen va yon temwen
Si w ede m nan feblès mwen
Senyè m konnen mwen pa bon ditou
Ak je lafwa mwen wè ou
Anwo sou mòn kalvè a
Senyè m ap mande w ede m sèvi ou.

Kris fè m travay
Tanpri pa repouse mwen
Siman gen yon travay mwen kapab fè
Menm si se yon travay enb
Ede m pou m bliye tèt mwen
Malgre pri a gran m ap fè l pou ou.

Ou se roze de sawon
Etwal briyant maten an
Ou se plis pase dimil pou nanm mwen
Ou se li nan vale a
Gid enfayib pou nanm mwen
Senyè m ap mande w ede m sèvi ou

Senyè m ap di ou mèsi
Pou kote ou te pran mwen
Ou pran mwen ou fè m vin pitit ou
Malgre tout sa mwen fè ou
Ou pa janm abandone mwen
Senyè mwen vle ba ou tout lavi mwen

Mwen vle kanpe pou ou Senyè
Menm si lanmò anfas mwen
M vle preche levanjil toupatou
E si se volonte ou
Pou m al lòt bò rivyè a
Senyè fè m gen volonte e di wi.

show more

Share/Embed