Yon Jou Avan Kouche Soley | Moment de Gloire | Pasteur Ammiel Rosilien | 40 Jours de Jeune
Shekinah. fm Shekinah. fm
933K subscribers
10,725 views
276

 Published On Jul 31, 2024

Chapters
00:00 Yon Jou Avan Kouche Soley
03:30 Pandan li kouche li tande yap pale
06:30 Dieu va faire encore
13:44 Jezi se solisyon
18:19 Nan pwen Montay ki ka kanpe devan pwisans Bondye
24:23 Di yon mo selman
27:29 Jezi se nan prezans ou nan men pran plezi
31:50 Pale pou men Senyè pale pou mwen
36:06 Le Saint-Esprit est là
40:26 Mw adore'w mwen adore'w

Lead: Pasteur Ammiel Rosilien

Pou ou bay Jezu lavi w, klike sou sa:
If you would like to give your life to Christ, click on this link:
https://bit.ly/3JkLIVI

Pou Bay Ofrann:
To Give Offering:
https://bit.ly/3uu7nmd

Additional Donation Options//Autres façons de Donner
Moncash: (509) 38 23 25 25
PayPal: [email protected]
Phone: (786) 505-1580
Text "Give" to (561) 207-8664
Online: www.shekinah.fm
Zelle: (305)360-5200

Rete Konekte avèk Fanmi Shekinah:
Website | https://tabernacleofglory.net/
Facebook | https://www.facebook.com/ShekinahTel?...
Instagram | https://www.instagram.com/shekinah.fm...
Twitter | http://www.shekinah.fm/
Pastor Gregory Toussaint |    / tabernacleofglory  
Tiktok | https://www.tiktok.com/@shekinah.fm?i...


Chant 1:

Yon jou avan kouche solèy,
Anpil malad te rete la
Devan Jezi, nan gran doulè.
Aprè, yo ale avèk jwa.

Yon fwa ankò, aswè a tou,
Men nou pwoche bò Jezikri.
Senyè si nou pa wè kò ou,
Nou kwè ou isit an espri.
2
O Sovè, chase tout malè.
Gen pami nou moun ki soufran,
Gen lòt ki tris, ou nan mizè;
Lòt k ap soufri nan men Satan.
3
Lemonn twonpe jènjan,jènfi,
E yo rete ladan toujou!
Gen moun ki gen move zanmi,
Poutan yo pa vle vin jwenn ou!
4
Tout moun sa yo bezwen lapè,
Sove anba bagay ki fo.
Menn moun yo k ap swiv ou pi pre,
Santi peche anndan kè yo!

Chant 2:
Pandan li kouche li tande yap pale
gen yon sove konn f anil
Li pran kouraj li di konsa
Mwen gen espwa
ke map jwenn Gerizon

chant 3:
Dieu va faire encore (Dieu va faire encore)
Dieu va faire encore (Dieu va faire encore)
Alléluia (Alléluia)
Il guérit les malades, il ressuscite les morts
Il est est puissant pour sauver, il ne change pas
Dieu va faire des miracles, des miracles
Dieu va faire encore
Dieu va faire encore (Dieu va faire encore)
Mon Dieu va faire encore (Dieu va faire encore)
Alléluia (Alléluia)

Chant 4:
Batime te yon avèg
K te chita sou wout la
Li t'ap mande yo pa t okipe l
Pandan tout moun t'ap pase
Pandan l chita li tande yon bri
Li mande: "Kisa ki genyen?"
Yo di li: "Se Jezi de Nazaret k'ap pase nan vil la"


Lè w wè montay yo vini pi wo
Lè rivye yo vini pi fon
Lè rèv ou yo fini pèdi
Jezi se solisyon

II
Batime rele: "Jezi pitit David la gen pitye.
Sèlman touche mwen m'a wè
Souple geri m."
Disip yo di li: "Fèmen bouch ou la"
Men Batime te kriye pi fò
Li pèsiste jouk li te jwenn lavi
Li bay Bondye glwa e li suiv Jezi


Lè anpèchman yo bare wout ou
Lè yo di w tout espwa pèdi
Lè w santi ou dezole, Bondye konn restore
Lè w wè montay yo vini pi wo
Lè rivye yo vini pi fon
Lè rèv ou yo fini pèdi
Jezi se solisyon

Chant 5:
Lè pwoblèm vin pou ravaje m,
Tristès decouraje m,
Tout pòt fèmen, nanpwen wout pou m pase;
Mwen louvri bra mwen bay Jezi,
Li tande lè m priye
Nanpwen montay Bondye pa deplase.


Nanpwen montay ki ka kanpe
Devan pisans Bondye
Lè m rete fè m e kè m pa boulvèse
Mwen konnen wout la pa fasil,
Eprèv yo difisil
Nanpwen montay Bondye pa deplase

2.
Jezi Mande pou l ede nou
Nanm nou va jwenn sekou
Pisans Li fò, pa gen pi gran pase l
Li bay pouvwa pou nou mare,
Pouvwa pou nou lage
Ak Bondye la tout sikonstans chanje.

3.
Annou pèsevere frè m yo,
Pèsevere sè m yo
Annou kenbe bra Jezikri pi fò
Si pou nou genyen laviktwa,
Fò nou kenbe pi fò
Bondye konnen nan ki batay nou ye.

4.
Pèsekisyon gen pou l fini
Tantasyon pral fini
Satan genyen pou l krenn tout kretyen yo
Konvwatiz yo gen pou ale,
lachè gen pou l kraze
Nanpwen montay Bondye pa deplase.

Chant 6:
Mèt si ou vle
Ou ka geri mwen
Pa gen ayen ki depase ou
Ou se Bondye ki fè mevey
Si ou vle ou ka geri
Choeur

Di yon mo selman mwen va geri
Bay yon lòd ase ma delivre

Mèt si ou vle ou kap aji pou mwen
Pa gen defi ou paka leve
Lè ou pale gwo van kalme
Si ou vle ou kap aji

Ou se Bondye
Ki konn geri moun
Si ou vle Senyè ou kap geri
Ou te geri Ene Batime
Si ou vle Senyè ou kap geri
Ou te aji pou Ann ak Sara
Si ou vle Senyè ou kap aji
Ou te geri Jòb ak Eklezyas
Si ou vle Senyè ou kap geri

Chant 7:
Lè l gade genyen dimil zanj k ap rejwi,
E anpil ap tann pawòl li.
Lè l pale tout letènite anvayi
Avèk louwanj pou Jezikri.

#louange #shekinahfm #adoration #haitianchurch #louanj #louange #louange #bondyekenbem #gospelmusic #louwanj #jezu #banmpase #amen #louanj #haitianchurch #gwodlo #aktivepwisansou #pwisanskiteakdaniel #onondejezi #louanj #shekinah #shekinahglory #shekinahlive #chantdesperance #sejewovalrele #montaybanmpase #adoration #alelouya #louwe

show more

Share/Embed